top of page

Akademi Inivè Sèl Ayiti – Inisyasyon sou Salikilti (Nivo I)

  • 7 Steps
  • 1 Participant

About

Modil 1 – Inisyasyon sou Salikilti (Nivo I) Modil sa a se premye etap nan pwogram **Fòmasyon sou Pwodiksyon Sèl ak Devlopman Filyè Salikòl ann Ayiti**. Li fèt pou bay aprenan yo konesans fondamantal sou istwa sèl, orijin aktivite salikòl la ann Ayiti, pwoblematik pwodiksyon sèl nan peyi a, etid tèminolojik, zouti ak ekipman pwodiksyon sèl, diferans ant teknik pwodiksyon tradisyonèl ak teknik pwodiksyon modèn, ansanm ak baz pou fè etid anviwònmantal anvan konstriksyon yon salin. Atravè plizyè chapit, videyo fòmasyon, dokiman sipò, travay pratik ak evalyasyon, aprenan yo ap devlope yon bon konpreyansyon sou filyè salikòl la, sou enpòtans li nan devlopman ekonomik ak sosyal peyi a, epi sou opòtinite ki egziste nan sektè a. Nan fen modil sa a, aprenan an ap kapab konprann baz pwodiksyon sèl la, idantifye prensipal defi ak opòtinite filyè salikòl la, epi prepare tèt li pou nivo teknik ki vin apre yo.

You can also join this program via the mobile app. Go to the app

Overview

Price

Free

Share

bottom of page